BABAY AZOR Babay Azor Mwen pa sevi lwa Men m-renmen kout...

Schiller Marcelin - July 18 2011, 6:34 PM

BABAY AZOR

Babay Azor
Mwen pa sevi lwa
Men m-renmen kout tanbou sa-a.

Pye mapou, orevwa
m-pa fin byen santi mesaj-la
Epoutan, m-renmen kout ayibobo-a.

Sanba, ou pati
Mwen pap we-w fasil
Men, pou-m tande-w, se pap difisil.

Leonord, frewo, w-ale lwen
Mwen pa konnen sa-w te genyen
Antouka, nan dans-la, vedite jwenn.

Fortune, domi anpe
Gen moun ki pa janm jete dlo, jame
Sof dlo, jodi-a, kap sot' nan je, tonbe ate.

Azor, nan non-nou, Sodo di-w "Orevwa".

Schiller Marcelin
Poet-lodyanse.

17 Jen 2011, Miami.

Related Article:

Fabrice Rouzier Reacts to The Death Of AZOR

Various Artist in the Haitian music industry are mourning and expressing their feelings regarding the death of Haitian musicianLenord Fortune aka...

REPLY to this message

Return to Message List