Haitian Music Lyrics
Lyrics: Kredi kat
lyrics:
Nou pa konnen ki sa ki pase
Lè ou we medam yo ap depanse
Genle gen yon kredi kat ki tonbe
Fo nou konnen kote li soti (se nomal)
Ti mesye nan djaz la yo tou poze
De men nan poch, yo pa panike
Yo tout rilaks yo pa pran presyon
Kredi kat yo chaje pwovizyon (pa gen sa menm)
Sa l’ ye
Kredi kat la
ATM konpa la
Kredi kat la
Mwen ka konprann ou pa achte kredi
Fok ou konprann teknoloji avanse
Nou menm Sweet Vibe nou la n’ap avanse
Se pwoblem pa w’ si ou pa vle pwogrese
M’pa p’ janm bliye se nan yon ti bal mwen te rive
Ou di m’ poze, se avek kach ou sevi
Di m’ sa w’ bezwen
Kredi kat mwen ap depoze l’
Mwen pa gen pwoblem pou m’ peye tout bil ou
Gen yon pwoveb m’ toujou tande granmoun yo di
L’argent ne fait pas le bonheur
Jodi ka bon, ou pa janm konn sa k’ ka rive demen
Gade monche, poze san w’ pou ou jwi lavi w’
W’ap pale de kach, kach kach Luben sere luben
Di m’ sa w’ bezwen, kredi kat m’ap peye l’
Nan lavi sa anyen pa janmen supase m’
Menm si m’ pa gen kach kredi kat m’ave m’
Kredi kat la
ATM konpa la
Kredi kat la
((MIAMI, m’fek komanse fè))
Macy’s konnen m’
MasterCard konnen m’
Visa konnen m’ ((paske nou se bon kliyan epi nou toujou peye))
(bis)
Ebyen Dominik pale ave yo
Tout kote nou debake la , li toujou la
Men tout kote ke nou rive la, li toujou la
Men tout kote ke nou ale, li toujou la
Men tout kote nou depoze l’, li toujou la
Pou fe kredi fo w’ gen siyati
Lajan ou anba matla
Lajan pa m’ al Labank la
Sa pou m’ fe kach
ATM tout kote
Mache avek le temps
Monche ou pa eklere
Men kredi kat mwen nan menm la, li toujou la
Men tout kote mwen pase la, li toujou la
Gade kijan m’ bel, li toujou la
Men tout kote m’ap depoze la, li toujou la
Kite kontab yo peye sa
Bil machin nan, kite kontab yo peye sa
Bil kay la, kite kontab yo peye sa
Bil telefòn nan, kite kontab yo peye sa
Bil gita, kite kontab yo peye sa
Bil kibòd la, kite kontab yo peye sa
E bil konpa menm, Sweet Vibe responsab
Li menm k’ap peye (American Express) ou sou kontwol mwen
(e pouki pa. Mezanmi, mezanmi, konpa. Miami...) sou kontwol
((Mezanmi, sa pa defi anko non la, se yon angajman. Kite l’ mache konsa, wi. Men groove la. Delmas, vin kanpe bò kote m’))
Nou pral idantifye nou la
Rale kat ou
MasterCrad ou genyen ?
Rale kat ou
Se Visa ke w’ genyen ?
Rale kat ou
Gade, gade , gade
Rale kat ou
Foure men w’ nan poch ou
Rale kat ou
Se Macy’s ou genyen ?
Rale kat ou
...
Si ou gen SweetVibe Express la menm
Ou nan biznis
Pou fe kredi fo w’ gen siyati
Lajan ou anba matla
Lajan pa m’ al Labank la
Sa pou m’ fe kach
ATM tout kote
Mache avek le temps
Monche ou pa eklere
M’fini wi la
Nou pa konnen ki sa ki pase
Lè ou we medam yo ap depanse
Genle gen yon kredi kat ki tonbe
Fo nou konnen kote li soti
Ti mesye nan djaz la yo tou poze
De men nan poch, yo pa panike
Yo tout rilaks yo pa pran presyon
Kredi kat yo chaje pwovizyon
A
B
C
D
E
F
G
H
I
J
K
L
M
N
O
P
Q
R
S
T
U
V
W
X
Y
Z
1
2
3
4
5
6
7
8
9
0
The music lyrivs on this page is not owned or copyrighted by us. The music lyrics remains the property of their respecitve owners, Most of the lyrics on this site asw submited by our guests.