Haitian Music Lyrics
Lyrics: Bel Famn
lyrics:
Bèl fanm, peyi an nou,
Fè w' ti chita pou nou pale.
Lòv sa a, ki antre nou,
Se li k'ap fè m' dekontwole.
Ti kò nègès ou, ti je deyès ou fè m' reve
Yon ti karès ou, sifi pou fè tout kò m' frisone.
Jan w' bouje kò ou, ou danse menm lè w'ap mache. Lè m'gade nan zye w', se yon lanmè lanmou k'ape klere.
Cheri ou gen fanm sou ou.
Ou gen konvèsasyon e sansasyon w' ban mwen kapab fè mwen fou. Ou montre m' afeksyon a chak minit pandan lannuit jouk li jou. Cheri ou se w' benediksyon bondye voye.
Bèl fanm, peyi annou, fè w' ti chita, pou nou koze. Kite m' ba ou lanmou. Lè ou nan bra m' lese w' ale. Tankou yon solèy, ki leve pou klere chemen. Ou se sèl mèvèy, sèl bijou ki konte nan zye mwen. Yon bèl senfoni, ki fè m' vibre k' fè mwen jemi, E ki fè m' santi, yon frison k'ap dire a lenfini.
Never wanna hurt you, baby, never wanna hurt you. I don' wanna loose you, darlin', I don' wanna loose you. (bis)
Ou se sèl fanm ki fè m' kriye, ou se sèl fanm ki fè m' chante, Ou se sèl fanm mwen renmen paske w' se fanm peyi an mwen. Ou se sèl fanm ki fè m' kriye, ou se sèl fanm ki fè m' danse baby, Ou se sèl fanm mwen renmen, ou se sèl fanm kreyol mwen.
A
B
C
D
E
F
G
H
I
J
K
L
M
N
O
P
Q
R
S
T
U
V
W
X
Y
Z
1
2
3
4
5
6
7
8
9
0
The music lyrivs on this page is not owned or copyrighted by us. The music lyrics remains the property of their respecitve owners, Most of the lyrics on this site asw submited by our guests.